
Depi lendi aktivite yo reprann nan gonayiv aprè opozisyon an nan komin gonayiv te anonse pou ti moun yo repran chimen lekòl paske lekòl se avni timoun yo.
Tout paran timoun yo nan gonayiv te apresye desizyon sa-a paske lè vil la paralize se tout kouch nan sosyete a k ap soufri.
Selon yon konsta jounal an liy Le Messager fè, depi lapolis pa atake moun raboto vil Gonayiv dous pase siwo.
Opozisyon an nan vil Gonayiv voye yon pinga bay delege defakto Enock Genelus pou l kite vil la fonksyone nòmalman.
IB