
Sa fè kèk tan sou tout rezo sosyo e menm nan lari-a, nou tande Moïse Jean Charles se zanmi, fanmi ak alye Jovenel Moïse. Èske se vre?
Bon sans nou ta dwe gide refleksyon sa a pou n makronnen l ak tout aksyon Moïse Jean Charles yo, fas ak tout mouvman ki t ap fèt pou jete Jovenel Moïse sou pouvwa-a. Avan tou kiyès ki Moïse Jean Charles la?
Tou kout, Moïse Jean Charles te majistra komin Milot pandan 3 fwa e li te Senatè depatman Nò sou prezidan René Gracia Preval. Bouch li dous, li renmen eksite mobilizasyon ak dyalektik gòch, Ki reveye emosyon pèp la, men li pa kòn ateri. Nan fen manda senatè li a, li te pale anpil an fas pouvwa « Tèt kale » a, e li te di li prè pou l te fè kèlkeswa bagay pou l te ranvèse prezidan Michel Joseph Martelly. Se konsa li vinn jwenn etikèt opozisyon a.
Men depi pase 2 zan, anpil moun vinn pa konpran estrateji li ankò. Chak fwa yon mouvman opozisyon ap pran fòs, li sanse bay on rezon pou li rale kò l. E lè li fè sa si eseye rale maksimòm moun avè l. Si ansyen senatè Moïse Jean Charles te vle ranvèse prezidan Michel Joseph Martelly nenpòt fason vre, se bagay tan lontan. Men pou kounya li pa an fas Prezidan Jovenel Moïse; e ki di Jovenel, di pitit PHTK, dofen Martelly. Donk li pa an fas PHTK. Dayè pa gen diferans nan pozisyon yo pou anpeche prosè Petrocaribe a fèt.
Poukisa Moïse Jean Charles pa mete pra l nan balans ak tout lòt lidè opozisyon yo? Jounal Haiti Liberte te menm rive di: Le dirigeant de Pitit Desalin, l’ancien sénateur Moise Jean Charles pour sa part a profité de cette situation pour dénoncer le Secteur Démocratique et Populaire de André Michel” san li pa enkyete Ke sa te ka ede Jovenl Moise. Pèp la pa egare e l ap swiv reyaksyon chak lidè nan chak evènman. Moise dwe konnen Jovenel pap janm ka sinsè avè l, e konsa l ap pèdi ni sak ni krab.
6,7 jiyè 2018 patizan Pitit Dessalines yo te sou sa, men Moise vinn fè on retrè, e pi li vini ak yon divèsyon koze drapo Nwa e rouj; n ap remake Jovenel pa fè mete manda dèyè Moise poutan Matyas Dandor bije kouri poutèt flè li te depoze. Se pat premye fwa li te rale yon bak. Sonje lè bidjè PM Lafontant an ak “sa décision d`annuler les deux manifestations du vendredi 23 et samedi 24 septembre en lançant un appel à la trêve en pleine mobilisation populaire contre le budget Moise-Lafontant”. Depi lè sa a konpotman l te montre li t ap jwen anba tab la tou.
Sak pi mal, lè Jovenel Moïse ale dèyè sniper pou tire lidè opozisyon an, Moïse Jean Charles defann li. Li di se bank santral yo te vinn kase e li sanse di plizyè moun Jovenel pat koupab. Tout lidè opozisyon a te eseye chache yon solisyon pou yo prepare aprè Jovenel Moïse la; Moïse Jean Charles di, li pap siyen okènn koalisyon.
Lè tout moun mande kòb Petrocaribe a, la ankò Moise tonbe fè reklam pou tèt li. Li pa mande remèt kòb, li pa mande pinisyon pou koripsyon. Li pito vire sijè a pou li di se li ki fè akò Petrocaribe a, se li ki tout bagay. Dayè depi li louvri bouch li Kounye a se pou li fè eloj kijan li te konnen e li te prevwa tout bagay. Sa fè anpil sitwayen mande Èske Moïse Jean Charles soti sou yon lòt planèt?
Finalman, nou ka di atravè atitid li, Moïse Pa sanble li nan opozisyon tout bon vre. Petèt Li reflechi e li wè se konsa pou li febli rival li yo. Men tout jan konpotman li varye e li pa ede opozisyon an. Menm Kiki Vob ki te veritab sipòtè Moise etone. Lè Moise te pral Cuba pou yo swen l an 2017, se Sogener Ki te ede l. Lè Moise te genyen problèm pou peye lekòl pou pitit li nan inivèsite Florida, se Sogener ak Kiki tou ki te ede peye lekol la. Dayè, Lòt jou, Kiki Vorbe Ki nan exil Miami di nan yon live: Moise Jean Charles se bon jan moun li. Li konn kisa li t ap di. Menm si Moise Jean Charles pa di yon mo pou misye. Li pa ta vle fache Jovenel.
Gade byen, Moise pa di grand chose Lè masak La Saline, Pont Rouj, elatriye fèt tou. Poukisa? Menm rezon. Li genyen espwa Jovenel ap soutni l nan eleksyon. Donk li vire. Petèt se mal konprann nou mal konprann. Petèt se pousa Prezidan Aristide Ki se moun Pacha Vorbe, pat fè Moise konfyans pou li chwazi l kòm kandida. Yon jou dosye yo gen pou yo soti. Men deja, nou komanse konprann kijan se yon nèg Ki frajil.
An atandan, nou trouve se domaj. Moise te genyen yon gro popularité. Si Lavalas te chwazi Moise Jean Charles nan plas Maryse Narcisse, yo t ap nan dezyèm tou o mwen. Men sa pa fèt e depi lè a, Moise vinn kite tèt li anfle, li chanje, l ap fè erè Ki kòz momantòm li kraze.
Jodia, bagay yo chanje. Sanble menm militan li yo pa okouran estrateji ak deal politik li fè ak GOUVENMAN an. Li te byen komanse, menm si li pa janm remèt 50 milyon goud li te pran nan meri a lè li te majistra, li t ap valè chemen. Finalman, moun k ap kolabore avè li ap sèvi yon lwa, m’en yo pa konnen kiyès li ye. Sa yo wè a, se pa verite. N ap swiv.
PIB