
Kit ou te nan Jovenel kit ou te nan Opzisyon; men ki wòl ou sipoze konprann Ariel Henry ap jwe.
Si Ekip Bagio pat asasinen Jovenel Moise nan dat 6-7 jiyè; PM Ariel Henry ak zanmi li yo tap toujou bay Jovenel Moise yon koudeta ki pa rete ak koudeta paske kabann Ariel Henry te deja byen ranje. Ti fache ki ka genyen ant Ariel ak Badio se paske kè Badio te twò cho, li egzekite plan avan lè, ki mete Ariel nan gran difikilte pou li konpoze ak Jovenelis yo, bagay li pat gen nan plan li._
Difikilte pou netwaye moun ki gen non yo site oubyen patisipe nan asasinen Jovenel Moïse.
Pandan Ariel Henry, ap klèwonnen se Ameriken ki mandel pou li kanpe rèd kou ke makak pou se li ki gen chapo prezidan ni premy minis. Fòk ameriken yo pridan ak ti bonnòm ki rele Ariel Henry, ki vle fè pase kòmkwa asasinay Jovenel Etazini tava gen men li nan bagay sa, sitou peyi Colombie ap fè soti plizyè foto mèsenè yo ak moun nom yo site nan zak la ak drapo ameriken nan espas kote yo ye. Donk, ameriken yo dwe debarese yo prese prese de Ariel Henry ki vle fè kwè tout sa lap fè yo la se sou lòd ameriken.
Anpil Pawòl pasi pala fè kwè: *«TOUT MOUN KI GEN NOM YO SITE AK MOUN KITE SWETE ASASINEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE, PRAL SIYEN AKÒ ARIEL HENRY»* se pou sa mwen di fòk ameriken lave men li ak Ariel Henry pou retire chaj Ariel vle mete sou do yo a.
G9 an Fanmi e Alye, tap ede Jovenel Moïse jere pouvwa, gwo menas sou chak moun ki nan Opozisyon an, André, Kato, Youri, Pierre Esperence, se preske chak jou Barbecue tap ba yo presyon, simaye laperèz ki koz manifestasyon paka fèt nan Potoprens jan sa te ye avan. Pou konfime G9 sete yon alye pou Jovenel Moise-G9 fè yon memoryal, BARBECUE KRIYE.
Selon enfòmasyon yo, zanmi Ariel Henry ki nan Opzisyon ki abitye pale an kachèt ak Jovenel swa nan telefòn, swa lakay li, swa lakay zanmi; te mande Jovenel « PRAN ARIEL KÒM PM EPI NAP KRAZE OPOZISYON AN» sa anpil obsèvatè kòmanse konstate.
Pagen pèson ki pa konnen G9 gen enfòmasyon ke menm DCPJ pa genyen. Sa pral mande nou poze plizyè kesyon?
•pouki G9 soulve kont Ariel, Aloske se Jovenel kite chwazi Ariel?
•eske si nou ta wè menm moun nom yo ap site nan touye Jovenel Moise yo siyen akò Ariel la, pou efase nom yo nan krim nan ak moun kite nan Opzisyon an kite vle touye Jovenel yo. Tout rapò ki gen kont Barbecue yo pata sipoze tonbe?
•Si Barbecue te vle gen plis alye eske li pata sipoze proteje biznis tout moun ki sou chemen li, menm jan li te konn preche sa avan an?
•Eske si minis Jistis gen grenn li pata sipoze mare Ariel Henry pou lajistis tandel avan menm li kraze gouvenman an?
Ekip kite nan konplo pou asasinen Jovenel yo vle make listwa. Yo vle siyen yon akò nan menm dat yo te touye Jovenel Moise la ant 6-7 septanm, pou peyi a move souvni sa.
Editoryal sa edew konprann konfigirasyon politik la, epi demaske asasen yo. Men pèp Ayisyen an pa bezwen pè Akò asasen yo ( akò Ariel la) pap depase papye li ekri sou li a, paske pèp Ayisyen an pap janm dakò okenn moun benefisye yon pouvwa totalitè sou ti bout tè sa.
Si Ameriken pa pran yon desizyon ak Ariel Henry, se plonje peyi a pi plis nan sa lap konfronte la. Fòk peyi a dirije, fòk pèp Ayisyen genyen yon chèf.
Sosyete sivil òganize yo dwe gen plis matirite, dirijan politik ta sipoze fè konplo kont pou libere pèp la anba menm Ariel Henry ak tout fòs fènwa kap ri nou nan fè nwa ki vle pase pou wa. Kreyòl pale kreyòl konprann.
Éditorial de @Lakay-Info