
POUKISA GOUVÈNMAN AN PÈ KITE SENPATIZAN AK PATIZAN YOURI LATORTUE ESPRIME OPINYON YO?
La Polis bloke tout moun nan zòn ULCC. Yo derefize kite moun pase, kit se Senatè Latortue yo pral soutni, kit se zafè yo yo pral réglé.
KISA ULCC PÈ KONSA?
Jodi-a genyen on Tansyon nan zòn ULCC a plis paske La polis anba anpil Presyon sou lòd Jovenel Moise.
Se poutèt yon odisyon anpil moun nan sosyete ki estime ke se yon pèselisyon politik k ap fèt sou ka prè Youri Latortue-fè pou fèm agro-endistriel li-a.
« Nan dosye sa-a tout moun wè se li sèl ki pran kob LONA a pou fè on travay serye » dapre sa Ductan Cadet ki soti depi Nor dwès pou li vin soutni Youri Latortue. Yon lòt jènn ki nan yon Organizasyin ki rele « Mwen pa ideyolojikman swiv li. Men jodi-a, m’ap swiv pou m wè si peyi-a apresye travay Youri Latortue fè. E li eseye aji pou li pa rete nan nivo politik politisyèn.
Devan ULCC-a, ak anviwonnman li yo, gentan kadriye ak polisye. Gade grosè
kamyon polisye ki antre anndan ULCC-a ki sòti vid. Tout polisye yo rete anndan ULCC. Gen yon biro òganozasyon ki pi wo ULCC ki plen polisye anndan l. Menm blende ki koute milyon ke Senatè Latortue te dénonce, deplaye nan zòn la. Anpil pasan rapote ke menm nan nivo TÉLÉCO, genyen yon blende ki pa kòn la dabitid.
Anpil moun diJovenel Moïse politize tout enstitisyon yo e kounye-a se tou pa ULCC. Men fonksyonè yo genyen lib abit payo, kidonk N’ap swiv men moun ki vle pote solidarité yo ak Senatè Latortue se pa bandi yo ye.
Donk politik bloke wout sa a pa jistifye. Tout jan Ductan Cadet ki te sou plas fè nou konnen li kite de pat man Nodwès depi yè pou li rive la a jodia. Li estime anpil dosye pran lari poutèt kodonatè Nasyonal AAA-a.
Nan moman an panko genyen foul Jan nou di-a, men anpil pyeton timidman ap sikile komsi yo vini pou on mobilizasyon. Selmàn lè nou eseye mande yo si se pou Odisyon Senatè Youri Latortue yo la, yo tout reyaji pou di se pase y ap pase ou byen se kanpe yo kanpe, y ap tann yon moun.
Sheila Blain