
TOUT MOUN AP TANN YOURI LATORTUE POU WÈ SI L AP REPONN AK ENVITASYON ULCC A.
Senpatizan yo ap resevwa anpil menas devan ULCC. Se sa yo voye di nou maten an. Tout moun al ede jèn ki devan ULCC. Junior Valdema, ansyen Petro challenger, homme de la première vague du Petro Challenge di nou li panse se yon sitin pasifik ki te planifye.
Kote li pat atann ke t ap genyen volonte kraze mouvman an. Li di li pa ka konprann atitid li wè jodi-a aloske se anpil entelekstyèl k ap deplase jodia pou bay Youri LATORTUE yon sipò moral.
Kamarad la te ensiste pou di: “Gouvenman a ap kreye yon problèm lari ak on moun Ki pat janm vle kreye dezod. Tout moun konstate Senatè a se nan rapò ak deba li toujou goumen ak Pouvwa-a.” Pouvwa-a fè yon etè dapre jèn sa a, Ki di se bagay sa yo ki vreman deside l pou li ta rantre nan pati politik AAA.
Sheila Blain
Pour Le Messager