Une note du professeur Ducarmel D. Demosthènes | Le Messager

Sen-mak 20 Dawou 2020

Nòt pou denonse: enfiltrasyon patizan PHTK yo nan batay pwofesè yo nan vil Senmak; kanpay denigreman Stanley Lucas ak patizan PHTK yo kont Wesner Joseph, Walker Thélémaque, Blaise Stobens, Ducarmel Dieudonné Démosthène.

Lè n’ap konstate enflasyon an nan peyi Dayiti ki preske egal a 25%;
Lè nap konstate yon dola preske egal a 125 goud.
Lè nou konsidere Salè de baz yon anseyan k’ap travay nan leta pa depase 10928 goud pa mwa, ki egal a 91 dola US.
Lè n’ konsidere Pwofesè yo pa gen aksè ak Kat debi, ni ak kredi ONA, malgre ONA prelve yon pati nan chèk yo chak mwa;
Lè n’ konsidere Pwofesè pwovens ki asire nan leta yo,oblije al pran swen jis nan kapital la, paske pa preske gen lopital en pwovens ki aksepte asire leta yo. Sa montre nou a klè ke gouvènman defakto PHTK Moïse-Jouthe la konsidere anseyan yo tankou yon pil pitimi san gadò.Nou, anseyan nan Senmak,n’ap mande leta pou li satisfè revandikasyon nou yo, sinon pap gen pyès lekòl piblik k’ap ka fonksyone nan vil Senmak, nan Latibonit. Pami revandikasyon ki pi enpòtan yo nap souliye: 1°) 75000 goud kòm salè de baz; 2°) 25000 goud chak mwa sou Kat debi chak pwofesè; 3°) Yon pla cho ak dlo potab chak jou pou tout elèv nan lekòl piblik yo.

N’ap tou pwofite eksprime solidarite nou ak Viguel Noël,direktè kolèj Archimède nan vil Senmak. Jou ki te mèkredi 19 dawout la. Direktè Viguel Noël te resevwa anpil pataswèl nan men kèk elèv ke patizan pouvwa PHTK yo nan Senmak te enfiltre nan mitan elèv lekòl piblik yo, se yon mwayen pou yo ka mete direktè lekòl prive yo en fas batay pwofesè yo, nan lide pou yo kraze mouvman anseyan yo ap mennen kont sistèm kowonpi PHTK a. N’ap denonse e kondane tout vye zak kriminèl ke pouvwa PHTK a kontinye ap fè sibi tout pwofesè e militan nan Senmak k’ap batay kont rejim pouri PHTK a. Nou pa bliye masak ke patizan PHTK yo te fè sou militan opozisyon yo nan Senmak, zòn Chemin Neuf nan estasyon gaz Grand Jéhovah, jou ki te dimanch 26 Oktòb 2019 la.Sa montre nou a klè ke pouvwa kriminèl, kowonpi PHTK a pa gen pwoblèm pou li asasinen tout militan opozisyon ki kanpe an fas yo. N’ap pwofite moman sa a pou nou pote yon demanti sou akizasyon ke Stanley Lucas, youn nan patizan zele pouvwa PHTK a te fè kont Wesner Joseph, Walker Thélémaque, Blaise Stobens e Ducarmel Dieudonné Démosthène, 4 anseyan k’ap travay nan lekòl piblik ak prive nan vil Senmak. Jou ki te mèkredi 19 dawout la, nou te sezi anpil lè nou wè Stanley Lucas pataje sou kont « Tweeter » ak kont « Facebook  » li, ke se nou menm ki voye elèv lekòl piblik yo al bat Viguel Noël ki se direktè kolèj Archimède nan vil Senmak. N’ap raple nou ke Stanley Lucas se yon prezime kriminèl k’ap travay pou gouvènman PHTK a, misye te patisipe nan masak ki te fèt sou plis pase 200 peyizan nan Jean Rabel,yon 23 jiyè 1987. Nou konsidere akizasyon Stanley Lucas la kòm estrateji pouvwa pouri PHTK a itilize pou sal repitasyon nou e pou mete direktè lekòl yo nan vil Senmak en fas pwofesè yo, yon fason pou kraze batay pwofesè yo ap mennen kont rejim kriminèl PHTK a.Nou pote yon demanti fòmèl ak akizasyon prezime kriminèl Stanley Lucas ak patizan PHTK nan vil Senmak lage sou do nou. Nou se anseyan, misyon nou se fòme moun pou’m ka gen yon Ayiti tout bon.Nou pa la pou nou atake ni direktè, ni lokal lekòl yo. Nou pap kite pèsònn entimide nou, n’ap rete solidè ak anseyan yo nan batay n’ap mennen kont sistèm pouri, kowonpi, PHTK a.

Nou pap obeyi!!!

Ducarmel Dieudonné Démosthène, pwofesè militan.

Laisser un commentaire