Nòt Senpati | Le Messager

Ansanm òganizasyon nan opozisyon Senmak.
Ansanm òganizasyon ki nan opozisyon Senmak la denonse ak tout fòs nou zak asasina ki fèt sou Ricot ki se sekirite senatè Youri Latortue.

Ansanm òganizasyon anndan opozisyon an ap pote solidaritel ak senatè a e pwofite swete kouraj ak fanmi Ricot.

Menas tribò pa bò pou anpeche batay byennèt la kontinye pap fè nou fè bak. Malgre machin lanmò PHTK a pa sispann frape sila yo kap goumen pou lavi miyò,ansanm òganizasyon sektè opozisyon Senmak la ap toujou rete kanpe nan batay la bò kote pèp ayisyen an.

Yon lòt fwa ankò nap swete ak fanmi AAA(Ayiti An Aksyon)espesyalman senatè Youri Latortue bon kouraj nan konba pou chavire sistèm peze sou se sa.
Òganizasyon ak moun ki siyen nòt sa a:

MOSA:Fortuné Anuel,Wesner Joseph
MOPOSSM:Damel Daméus,Hugues Vernité.
OCENH:Kervens Jean Pierre,Jordany Anilus
OCCLA:Louis Germain,Robens Hyppolite

Laisser un commentaire