
Depi kèk jou anpil moun Gonayiv aprann gen kòb ki te debloke pou netwaye vil la epi peye tout anplaye yo 12 mwa salè meri a dwe yo.
Kòb sa rive fé wout krochi Fatra yo pa rive ranmase. Yonn nan magistra yo demisyone paske li pat dakò jan lajan an gagote a.
Otorite ki pran lajan rete bouch fémen sa vle di yo pran lajan an nèt yo pa dwe moun esplikasyon. Eske moun Gonayiv dwe asepte sa konsa.
Direktè TPTC a mesye Blondo Odivin ki resevra 5 milyon goud pou bay materyèl pou netwaye vil la fè konnen materyèl yo anpàn. San li pa menm di kilè y’ap ranje alòske kòb la gentan nan men l deja. Eske moun Gonayiv dwe gade sa konsa ?
Selon yon anplaye TPTC ki t’ap pale sou vizyon 2000 li fé konnen materyèl yo pa anpàn vre
Eske vil la ap rete sal konsa pandan tout kòb la nan pòch otorite yo ?
Eske anplaye Meri Gonayiv yo pa ta dwe fémen Meri a pou exije mesye yo pote kòb la tounen