
Selon yon sous, jounal anliy Le Messager fè konfyans, patizan PHTK nan vil Pòdepè nan tèt kole ak majistra Josué Alusma ap planifye pou fè reprezay sou tout moun ki te opozan pouvwa nan site Capois Lamort a.
Selon menm sous la, gen gwo reyinyon ki fèt deja pou planifye kòman yo pra l egzekite opozan pouvwa a.
Bon Poukisa tout bagay sa yo pandan tout moun ka wè klè se rat kay ki manje pay kay? Èske se yon estrateji pou detounen atansyon popilasyon an?
Daprè menm sous la ki souliye gen dirijan PHTK nan vil Pòdepè ki refize kategorikman pou pa patisipe nan demach sa a paske yo wè kou a kote l soti.
Opozisyon an nan vil Pòdepè pa gade sa ak je, yo deja transmèt enfòmasyon yo bay Dwa Moun ak Amnisti Entènasyonal, selon sa yon opozan nan vil Pòdepè rapote nou maten an.
Sheila Blain.