
Jodi Vandredi 25 Fevriye 2022 a M. Felix Pierre ki se manm Pati Politik Ayiti An Aksyon (AAA), dirijan Oganizasyon Ayiti Demen e an menm tan antreprenè bay Oganizasyon Jerizalèm An Aksyon (JAA) 50 sak siman kòm patisipasyon pa li pou kontriksyon wout Jerizalèm nan Blokòs.
Popilasyon k ap viv nan Jerizalèm remèsye pati Politik Ayiti An Aksyon pou sipò sa yo. N ap raple w avan Felix Pierre te bay sa, ansyen senatè Youri LATORTUE ki se Kowòdonatè Nasyonal AAA te bay menm oganizasyon sa yon chèk 100 000 goud pou wout la.
Nou P ap bliye wout Jerizalèm nan, se yon wout otrefwa anpil aksidan fèt ladan l. E, se pou rezon sa sitwayen nan zòn te deside kraze wout la pou refè l.
PUBLICITÉ
• LW Référence Multi-Services (Se kalite, pi bon pri): C.A.M transfert, Unitransfert, Western Union, Moneygram, MonCash, Appareil electronic, Téléphones, Tablettes, Carte mémoire, Lapoula, Papapdap, Canal Sat, Matériaux de Construction, Locations, Transfert en US
Telf: 3366-4777
ZELLE: 732-252-7619/732-510-3898
Adresse: Morne Fort zone Juge Max et 123, Pivert, Saint-Marc.